Yon 7 mas tankou jodi a

Lè lame dominiken, sou lòd prezidan Rafael Léonidas Trujillo masakre plizyè milye ayisyen, sosyete ayisyen an te ap tann prezidan Sténio Vincent pase lame Ayiti a lòd pou atake dominiken yo. Men, ekselans la pat fè anyen e sa te mete gwo latwoublay. 

2 pi gwo chèf nan lame a, ki te atache nan palè a: Durcé Armand ak Arnaud Merceron, se te milat, yo te kanpe dèyè desizyon prezidan e sa te leve plim sou do anpil lòt ofisye nan lame a, sitou sa ki te gen koulè po nwa yo. 

Dimanch 12 sektanm 1937, pandan majò Armand ak Merceron t ap pwan lèz yo nan yon restoran (terrasse) bò Rex Théâtre, se konsa yon machin pase, vide katouch sou yo. Yo blese, men yo pa mouri. 

Yon moun ki t ap paweze sou chanmas la gen tan wè plak machin nan li bay yon sòlda  ninewo a (P-3031). Nan chèche, yo pwal jwen machin nan abandone nan Bois Saint-Martin (Bel-air). Nan  ankèt la, yo pwal wè ke se lyetnan Bonicias Perard ki te lwe machin sa a nan konpayi Ford. 

Yo pwal arete Bonicias ak yon lòt lyetnan Florian Modé ke plizyè moun pwal temwaye ke yo te wè yo ap vire nan machin sa a depi byen bonè nan maten. 

7 mas 1938, malgre Bonicias Perard pwal sèmante li pat tire sou pesonn e li pat nan konplo, yo pwal mennen li la saline, nan yon espas kote sòlda konn aprann tire, yo mare li nan yon poto, yo ekzekite l. 

Lyetnan Florian Modé li menm pat ka kenbe lang li, li bay non tout moun ki te patisipe nan konplo a tankou: Herbert Hyppolite, Bénony Saint-Martin, Yves Depestre, Arthur Bonhome, Roger Bordes, Clément Dascy, Roger Dorsinville, Gérard Faubert, Ludovic Fils-Aimé, Hébert Francillon, Wilfrid Guillaume ak Pierre Rigaud…


(Nou pa genyen foto lyetnan Bonicias Perard)


Kredi: Richarson DORVIL 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les Haïtiens n'ont jamais occupé la République dominicaine.

Urgent/Politique: Un coup d’État au Gabon ?

Pourquoi le Dr Jean Fils-Aimé veut-il détruire tous nos travailleurs intellectuels?