Bèl lanmou wi

Lè solèy la fini kouche, lalin nan ap danse kalinda, zetwal yo ap pyange nan syèl la, yon chen jape... nanm nou vole l ale, kè nou sou biskèt, nou pa ka tann pou solèy la leve, pou yon lòt jounen an louvri je l... Yon jounen, nou konnen jan li komanse, men nou pa konnen kijan l ap fini, si li pap pi malouk ke sa n ap viv la, sa nou anvi wè bout li a. Sa se imaj lavi pifò nan nou, yon lavi, chak fwa li souri ba nou, li sere yon kout katchapika pou nou.

Viktim anpil relasyon tèt anba, m ka di pandan lontan m t ap mennen yon vi pleyè, yon mawozo, k ap pwan plezi l, ki lage 2 gidon, jan l pase l pase. 

Pandan laj ap monte, ti nèg vini reyalize, lavi a pa ka kontinye konsa, fok li gade tèt li a ak yon lòt je pou doub 6 domino lavi pa mouri nan men li. Rive Montreal, pwemye objektif mwen fikse, se retire 7 timoun mwen yo ak manman yo, boubout mwen nan ensekirite, malsite ak lamizè k ap maltrete yo lakay mwen, an Ayiti, peyi kè m, kote lonbwit mwen antere. 

Pandan m pase tout ògèy dèyè pou m kapab fè 2 gouden pou m touye vè nan vant ti lezany yo, mwen plake yon linèt soudi nan figi mwen, pou je m pa wè ni bèl fanm, ni ti bout pantalon san fouk, alevwa pou koulè dantèl bel pantalèt k ap kache peche pou chòbòlòt.

Mwen mare fyèl mwen, m kenbe, m reziste, jiskaske m al kwaze ak Lara, yon fanm jan m renmen yo a. Lara se yon fanm nwa, cheve djed. Ou ka anfòm menm jan ak li, men pa pase l. Se lè li souri, ou pwal konprann ke EDH te mèt bay kouran nan tout pèl la, li pap ka klere pase pwojektè sa a. Anplis ke li bèl, li lekti. Se modèl fanm k ap ekri pwezi, kenbe yon liv pou l li, k ap tande Émeline Michel, Reginald Policard, Skandal... tout sa m renmen nan yon fanm. Rale mennen vini, nan yon bat je nou konekte. 

Moralis yo, nou menm ki pa janm fè peche, na eskize m. Lara, se yon madan marye, manman 4 timoun e mwen, se yon nèg ki  marye, papa 7 ti tchovi. Kidonk 2 granmoun, ki, petèt an mank, oswa ki pa alèz nan relasyon yo, ki ap fè bonè youn lòt. 

Malgre n ap viv yon lanmou ak raj, avèk anpil pasyon, nou mache sou 13 pou n pa pile 14. Nou pa kite emosyon pote n ale, pou n pa mete maryaj ni youn, ni lòt an danje. 

Se pa bagay pou m ta rakonte non, men lè w tande m fini fè yon fwote ak Lara, m pa anvi benyen paske m pa vle efase anpwent li sou po mwen, m pa vle pou lodè pafen li disparèt. Lara, se fanm ki bay tout li menm le l ap anvayi w ak karès. Li gen de mouvman, de aksyon, se nan fim pòno sèlman pou w wè bagay sa yo. Manmzèl te rive nan yon pwen pou l te fè m pèdi lòlòj mwen, fê m bliye fanmi mwen. Men, lanmou m pou zantray mwen pi fò pase tout pouvwa. 

Sektanm 2022, aprè anpil mizè, imigrasyon pwan chalè nan men Gran mèt la, li oblije kase kòd ki te mare dosye fanmi mwen.  Sa w tande a, tout ti poulèt mwen rasanble anba zèl mwen. Yon sèl kou sitiyasyon lavi m chanje. Estrès chak maten lè m ap fè nouvèl  sou RTVC a fini, non fanmi m pap sòti nan tiraj kidnaping nan. 

29 desanm, ane a ap fini, yon sèl anvi manje fritay monte m. M pwan lari a, mwen mete tèt sou St-Michel, m pwal kay Andreamise, m pwal ravitaye. Depi deyò a bouch mwen ap kouri dlo tèlman sant manje a ap rale m.

Pandan m ap desann machin nan, m resevwa 2 katouch. Se pwemye janvye m pwal rekonèt mwen sou kabann lopital. Lè je m louvri, madanm mwen, fanm ki banm 7 bèl pitit la, kanpe la ap pase nwit ak mwen lopital la, soufri ak mwen, soufri pou mwen... Men, se Lara m te swete wè. Pa mande m eksplike w, paske men m mwen m pa rive konprann koze sa a.

Li pwan m yon mwa anviwon pou m reprann mwen, paske m te pèdi anpil san e operasyon yo pat fasil pou retire youn nan katouch yo ki te al kache nan mitan kòt mwen. 

Menm lè ou tande Port-au-Prince pa bon, se mafya k ap dirije l, men ensekirite a tout kote e bandi yo pa toujou ap sikile ak sandal nan pye yo. Li pwan m tan pou m rann mwen kont ke se Lara ki te tire sou mwen, se li ki te deside etenn souf mwen. 

Lanmou an te ale tèlman lwen, li vini chanje an egoyis. Lara gen mari, li gen 4 pitit, li pa ka viv san yo, men li pat aksepte pou l ap pataje m ak pesonn. Pou li ta santi li byen, fòk mwen ta abandone madanm ak pitit mwen yo epi lwe yon pyes kay, lè li ka sove, la vini banm yon tranpe... Ma degaje m manje chen janbe, si yon jou yon kakarèl pwan m nan bout chanm kay sa a, fyèl mwen ta pete, lè m kòmanse pouri, ap degaje move lodè, lakomin a vini ranmanse m, boure m anba yon pye bwa... 

Lanmou bèl, li dous, men nou fèl tounen pwazon. Jalouzi a konn enteresan wi nan yon relasyon, li konn fè w sonje gen yon moun ki sansib pou ou, ki vle w, ki renmen w. Men, souvan, nou kite kad jalouzi a, nou tonbe nan foli e nou fè anpil tenten ki pa sanble nou, ki detwi nou, ki detwi moun nou di nou damou an... 


Tèks: Richarson DORVIL

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les Haïtiens n'ont jamais occupé la République dominicaine.

Urgent/Politique: Un coup d’État au Gabon ?

Pourquoi le Dr Jean Fils-Aimé veut-il détruire tous nos travailleurs intellectuels?