R.I.P. Sergo Jean-Noel !

   Ou fè pati yon jenerasyon ki te fè anpil efò pou te fè mizik lavil nou yo bouje, ou te yon bel ekzanp mizisyen ki pat fèmen tet li nan yon sel stil, nou pap ka bliye prezans Ou nou kowal Kafou, sou direksyon Denis Emile, a kote Manno, Marco, Chico, Jean - Marie ak kek lot zanmi, Bel prestasyon nan Chow Pouri Richard Brisson, answit eksperyans PICORANAYA, gwoup ki te eksplore plizyè ritm ayisyen yo, apre anpil manb nan gwoup la kite peyi, ou te fè yon bel pasaje nan Gwoup Ça, mwen sonje lè nou déplace ansanm, ou ta pral nan konkou pou rekritman pou antre nan kowal Sen Trinite, imedyatman yo te metew kom solis, sa montre ou te pran yon bon fòmasyon kay Denis Emile. 

Mwen panse pasaje ou nan Les frères Dejean te montre posibilte pou konpa pran yon lot oryantasyon, san pwoblem ou te rantre nan ekperyans gwoup nouvel jenerasyon yo. 

  Senpati pou tout fanmil, tout mizisyen kite konn kolabore ak ou.


Kredi: Delano Morel




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Les Haïtiens n'ont jamais occupé la République dominicaine.

Urgent/Politique: Un coup d’État au Gabon ?

Pourquoi le Dr Jean Fils-Aimé veut-il détruire tous nos travailleurs intellectuels?